top of page
Sit sa se pou kominote Ayisyen an. Wap jwenn bon infòmasyon sou kansè fanm, kote ou ka ale pou'w depiste oswa pou jwen on sèvis ki pre lakay ou! Chwazi youn nan kaz sa  yo pou ka jwenn plis enfòmasyon.

KLINIK AK SEVIS NAN PEYI DAYITI

KIYES NOU YE

Nou se yon ONG ki rele Innovating Health International (IHI) ki ede pasyan an Ayiti avèk pwoblèm sante yo. Nou dedye tèt nou pou nou trete maladi (kronik) e nou adrese pwoblèm sante fanm nan peyi sou-devlope.

KISA NOU FE?

Nou travay avèk on kantite patnè lokal pou nou ka bay plis moun aksè avèk tretman ak edikasyon sou maladi kronik kòm kansè. Nap travay sou anpil pwojè kòm yon sant kansè pou fanm, pwogram sansibilizasyon pou kansè, ouvètu laboratwa patoloji epi tou nap ede kòmanse on pwogram kansè nasyonal nan peyi a.

KOMAN NOU FONKSYONE

Nou bay kolaborasyon ak rechèch anpil enpòtans. Yo nan kè oganizasyon nou. Innovating Health vle di ke nap apran ak kolabore avèk lòt moun pou nou bay ekspètiz nou nan sante medikal, pwoblèm sosyal ak rechèch nan kominote a. Nap toujou eseye jwen nouvo modèl sistèm sante e pou nou reponn a bezwen local avèk repetisyon ak konsiltasyon.

bottom of page